Belo

Kote moun yo

stella#1

Kote moun yo oo m pa we moun yo ooo
Mwen sonje lontan lè m gen vakans 3 mwa
Son plezi pou mwen desann kay grann tiya
Poum al manje mango, al benyen nan gro dlo
Mwen sonje sa kom si se jodia, mwen menm ak tout ti zanmi sou katye a
Lè n tap fè jwèt lago, jwe football ak boyo
Men kounye a bagay yo chanje
Mwen pa wè timoun jwe mab, ni jwe oslè, yo pa sote kòd, monte kap
Nou meleeee, nou meleeeee

Refren
Kote moun yo oooooooo
Mwen pa wè moun yo
Kote moun ki konn jwe football avè m
M pa wè timoun kite grandi avè m
Kote moun yo oooooooo
Mwen pa wè moun yo
Kote moun kite enpòtan nan kèm
M pa wè timoun kite grandi avè m

Jan sa konn bèl chak swa, lè n chita nan lakou a
Tout timoun nan pye granpa, kap rakonte bèl istwa
Jan sa konn bèl, lè nou desann nan jaden
Al manje kachiman sou pye, bwè kokoye ole
Nou fè lavironn dede
Men kounye a, bagay yo chanjeeeeeee
Timoun yo pito manje, manje kachte,
Bagay ki sot a letranje
Nou meleeee, nou meleeeeeRefren 2
Kote moun yo oooooooo
Mwen pa wè moun yo
Kote moun ki konn jwe football avè m
M pa wè moun ki konn al lekòl avè m
Kote moun yo oooooooo
Mwen pa wè moun yo

Kote moun kite enpòtan nan kèm
M pa wè timoun kite grandi ave m

Bridge
Chachem chache yo
Gen sa ki egzile
Chache m pa wè yo
Gen sa ki depòte
Chache m chache yo
Gen sak kal jwenn bondye
Chache m pa wè yo
Jou yo pat ko riveBelo
Gen sa ki toujou la
Ki gen lespwa, ca va changer ya delivre
Tout bon vre, tout bon vreRefren
Kote moun yo oooooooo
Mwen pa wè moun yo
Kote moun ki konn al lekòl avè m
M pa wè timoun kite grandi ave m
Kote moun yo oooooooo
Mwen pa wè moun yo
Moun petion ville yo

Kote moun yo oooooooo
Mwen pa wè moun yo
Kote moun ki konn jwe football avè m
M pa wè moun ki konn al lekòl avè m
Kote moun yo oooooooo
Mwen pa wè moun yo